Yon kontribitè k ap "fè biznis" se yon Lòbiyis, yon pwopriyetè prensipal, yon Fonksyonè prensipal, oswa yon ansyen manadjè nan yon antite oswa yon konpayi ki aktyèlman fè biznis ak Vil la, oswa ki te fè biznis ak Vil la nan dènye 12 mwa yo, oswa ki te fè yon òf oswa aplike pou biznis ak Vil la. Òganizasyon k ap "fè biznis" ak vil la jeneralman koresponn ak youn nan deskripsyon sa yo:
Se Lòbiyis ki anrejistre nan vil Nouyòk.
Genyen youn oubyen plizyè kontra, konsesyon, franchiz, oubyen sibvansyon ki totalize plis pase $100,000 ($500,000 pou kontra konstriksyon). Sa pa enkli kontra ijans yo ak sa yo ki akòde pa apèl dòf konpetitif sele.
Reponn yon demann òf oswa yon pwopozisyon pou yon kontra, yon konsesyon, yon franchiz, oswa yon sibvansyon jan sa dekri pi wo a.
Antre nan oswa kenbe yon akò pou devlopman ekonomik, ki gen ladan peman an plas taks, ankourajman fiskal Vil la, oswa finansman Vil la.
Kenbe kontra oswa pwopozisyon pou envestisman nan fon pansyon oswa sèvis ki gen rapò.
Se yon pati nan vant, acha, oswa lokasyon byen imobilye avèk oswa pa Vil la, eksepte pa vann piblik.
Fè yon aplikasyon ki sijè a Pwosedi Inifòm pou Revizyon Itilizasyon Tè (ULURP) oubyen yon aplikasyon pou chanjman zonaj oubyen pèmi espesyal.
Yo pa konsidere kontribitè yo ap fè biznis ak Vil la tou senpleman paske yo peye oswa resevwa yon rabè sou taks Vil la, yo travay pou Vil la, yo nan yon plan pansyon Vil la, yo anboche yon Lòbiyis, yo aplike pou pèmi pou yon kay familyal 1, 2, oswa 3 , yo kondui yon taksi Vil la, oswa yo aplike pou pèmi aktivite nan lari oswa lòt kalite aktivite endividyèl ak Vil la.
Kontribisyon ki soti nan oswa ki fèt pa moun k ap fè biznis ak Vil la p ap jwenn plas li nan Fon Piblik.
Pou plis detay oswa pou verifye si w nan lis baz done Doing Business la, gade http://www.nyccfb.info/candidate-services/doing-business-faqs/